Lusena Olcine : yon lavi konsakre pou penti.

2,679

“Mwen fét Wanamanent, m fè klas primè nan kòlèj Le Phare, m fè setyèm jiska nan nevyèm Efacap e twazyèm rive nan Filo Lise René Théodore”, deklarasyon atist pent, Lusena Olcine

Lusena Olcine, se jèn atis pent ki reyèlman pasyone pou metye a. Depi lè l toupiti li te renmen penti akoz li gen yon profese ki te konn fè desen, e sa te toujou nan tèt li pou l vin yon atis pent.

Li gen plis pase 10 lane depi lap fè penti. Se pandan lè l fin fè etid klasik li, li te pran direksyon Limonad kote l ta l etid inivèsitè li nan nivo “Art”. Lè l te rive nan nivo III inivèsite a, responsab yo te fè chwa l kòm sèl grenn atis fi pou te akonpaye lòt etidyan yo ki ta pral patisipe nan yon aktivite atistik nan peyi Lafrans.

Ev atistik Lusena yo, jwen admirasyon yon piblik ki tonbe damou pou touch ou finès inik atis la ki eskpoze yon seri zèv nan divès kwen touristik atravè Repiblik Dominikèn. Alòske isit nan Wanament, se te pou premye fwà TRiboLAND ta pràl dekouvwi travay Lucena nan okazyon premye me 2022 a, nan yon “Fwà Gastwonomik” ki tap fèt anba lobedyans FENE.

Ak yon souri ki trè kontajye, atis la te jibile ak lajwà avèk yon ton enpresiv e avèti nan moman li tap depoze ou pale de travay li ki pa lòt bagay ke yon seri “masterpiece”, ki reyèlman pase de prezantasyon. Atis Nòdès la, te tou profite nan moman gro rasanbleman sa, reyalize yon penti e ofri li bay konferansye sikonstansyèl la. Li te ofri egalman kado a diferan lidè lokal ki te enpresyone anba abilite atistik li.

Se malere, Lucena pa genyen ase mwayen pou li bay tèt li yon lokal. Ou ka konprann tout sa paran li te posede près pase nan etid inivèsitè li. Konsa, yon supò pou vize fasilite yon atelye atistik, se va tout yon “rèv materialize” pou yon jeni nan dimansyon Lucena. Pou supò ak ankourajman tout kalite, rele Lune Art nan tel : +509 33 65 2636

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.