Fantastic de Wanament sakre “Chanpyon” nan Premyè Edisyon Chanpyona Koup Sen Jozèf la nan Fòlibète

795

03-21-2023

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Chanpyona Koup Sen Jozèf la, ki te reyini 12 ekip nan plizyè komin nan depatman Nòdes la, rive nan bout li jounen lendi 20 mas 2023 a.

Aprè 120 minit boul, ekip Fantastic la rive chanpyon nan tiwobi 4-3. Jwè savann kare a, Walky sòti meyè bitè konpetisyon an malgre ekip li pèdi nan 1/4 final. Li remèsye ekip òganizatè a ki te mete tèt ansanm pou ofri yon trè bèl chanpyona. Walky, bite ki pa manyen anyen ki frèt la, ale pi lwen pou li di ke li te fyè paske l te jwe pou ekip Savann Kare a.

Pa bò kote kapitèn ekip Fantastic la, li remèsye tout fanatik ki te soti nan lakou Wanament pou vin chofe ekip la, li deklare ekip li travay anpil pou l rive chanpyon.

Se yon Chanpyona ki te gen anpil anvègi nan je moun Fòlibète, ko te felisite ekip Baz Linyon an pou gran travay sa.

Jn Simon Manex jnsimonmanex8@gmail.com

Comments are closed.