Fòlibète dèy : Plizyè manm Koral Kèzini mouri nan yon grav aksidan

392
3
Share:
TRiboLAND


08 – 06 – 2024

Fòlibète, Ayiti ______(TRiboLAND) Plizyè manm Koral Kèzini ki trouve-l nan Katedral St Joseph Fòlibète mouri nan yon kòkenn chenn aksidan yè lendi 5 dawout 2024 la, nan moman yo tap sòti fete ak yon lòt koral. 5 moun mouri, divès lòt blese nan aksidan sila ki fèt nan Mòn Melya, komin Ganize.

Divès moun nan Fòlibète se 2 men nan tèt, yo pa konnen ki sen pou yo rele fas ak lanmò pwòch yo ak fanmiy yo ki viktim nan yon parèy aksidan.

Nap raple, Koral Kèzini gen anviwon 35 lane depi l’ap chante lwanj pou Bon Dye nan Legliz Katolik Fòlibète a.

Share:

3 comments

  1. Augustin. Suzanne 7 August, 2024 at 15:21 Reply

    Têt chaje , drame sa panik tout Moun , le nap analize fenomén sa nou konstate politisyen nou yo kontribiye grandman nan sak rive la .
    Toujou gn Yon kob ki debloke pou wout sa li pa janm ka fini .
    Te ka toujou gn aksidan an m’en kantite ka viktim yo te ka diminue m’en malerezman se pi mal yo kap toujou viktim . Donk se chak fwa Yon ka prezante yo sonje wout sa mérite fe m’en depi kob la debloke pwob wout la fini.
    M’en étais peyim , sak étonnant an se ti jèn ki plen avni , se Moun paran yo konte yo yo anpil m’en finalement se konsa yo pase .

Leave a reply