Difikilte pou siyen paspò nan biwo Imigrasyon Pòdpè a, leve plim sou do moun yo

1,038

03-20-2023

Pòdpè, Ayiti ____(Pòdpè) Jodi lendi 20 mas 2023, divès moun ki te devan biwo imigrasyon Pòdpè tanmen fè anpil kri pou manifeste mekontantman pa rapò ak jan bagay yo fèt nan biwo sila. Pou sinye yon paspò, fò-w gen bwa dèyè bannann ou, oubyen fò-w gen yon ti djakout lajan.

Malgre orè responsab yo mete deyò, tankou: lendi pou fanm, madi pou gason, mèkredi pou fanm ak gason, jedi pou ajans yo, vandredi pou timoun, samdi ak dimanch pou manm biwo pase dosye yo. Moun yo pa sispann plenyen pou fason bagay yo ap fèt, menm si yo leve bonè ou dòmi devan biwo a, responsab yo anpil fwa pa mande yo sa yo pot pou vanm.

Jodi lendi 20 mas la, medam yo pa sispann fè gwo kri, anpil nan yo tap kriye pandan yo tap chante: “Twòp abi ak koripsyon! Mare yo! Mare yo! Mare! Mare vòlè yo”. Youn nan bagay ki endinye moun yo, se lè batay nan liy lan yo pa ka antre pandan gwo chabwak ak moun gwo ponyèt ap pase ak moun yo san gwo difikilte. Moun yo pwofite mande Leta pou pran responsablite li, paske pita ka pi tris.

Pou anpil kritik, otorite yo jere pwosesis imigrasyon an menm jan ak nivo etid yo e konpetans yo.

Comments are closed.