Laurent Lamothe: “sanksyon san prèv amerikèn yo, pa kanpe sou anyen”

1,620

06-04-2023

Nan yon nòt reyaksyon li fè sòti, ansyen PM ayisyen an, Laurent Lamothe reponn desizyon (Sekretè Deta ameriken an, Anthony J. Blinken ke li kalifye ki pa kanpe sou anyen. Ansyen chèf Primati a, estime se yon seri desizyon ki pa mache avèk prèv.

Otorite amerikèn deside sanksyon Laurent Lamothe, kòm kwa li detounen mwens ke 60 milyon dola ameriken, Fon Petro Karibe a pou regle bagay pèsonèl li. Lamothe konsidere ke se yon seri deklarasyon ki pa pip tabak e plis chita sou bit rimè (déjà vu) san fondman, ki te toujou ap fistije ansyen gouvènman li a.

Ansyen majò Jon PHTK a, raple ke rapò Depatman Deta ameriken an ki data novanm 2022 devan kongrè ameriken an e ki gen pou wè avèk lwa sou inisyativ devlopman, responsablite ak transparans enstitisyonèl nan peyi Dayiti, jan sa estipil nan seksyon 107; li fè konnen pat janm genyen oken “disparisyon espesifik magogo lajan” ke yo te idantifye nan rapò Petro Karibe a.

Lamothe ale pi lwen pou li di ke sanksyon amerikèn yo regle afè yon seri advèsè politik rasi nan peyi Dayiti ki te toujou ap mete po fig anba pye gouvènman li a, yon fason pou li pat arive akonpli anyen anndan peyi a. Moun sa yo, selon ansyen minis Planifikasyon an, te toujou ap kreye pètibasyon politik ak manifestasyon ki chita sou vyolans kont gouvènman li a.

Lamothe, pou li defann tèt li, sezi plizyè enstans tankou ULCC, CSCCA ak PDV CARIBE ki te fouye je gade jesyon finansyè gouvènman li a. Enstans espesyalize sila yo, ki chaje ak ekspè nan zafè odisyon e ki pa toujou anfavè ni chyen e ni chat, te fouye anpil zo nan kalalou. Konsa, nad marinad! Ket se Kou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif, ket se gouvènman venezyelyen an ak Inite pou Konbat kòripsyon, yo tout pat repwoche li oken malvèsasyon ou detounman mèt dam magogo lajan.

Nan sans sa, Laurent Lamothe, deklare ke li pare kon Lapolònn, pou li eskonte tout vwa legal yo ki sou wout li, yon fason pou konteste “lonje dwèt Depatman Deta” ameriken an, e pou restore onè li ak fanmiy li, e finalman pou fasilite laverite blayi.

Comments are closed.