Aprè anviwon 7 lane ap fè sosyal sou zile Lagonav, kèk franj nan popilasyon an bay Bryan degou jiskaske l mete van nan vwèl li.

1,483

03-14-2023

Bryan se non yon sitwayen Ameriken, ki tap travay nan lokalite Gran vid, depi anviwon 7 lane. Li oblije rache manyòk li aprè yon franj nan popilasyonensilè a mande’l bay zile a blanch.

Lagonav, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon Dyalòg telefòn kite dire plizyè minit, PDG Radyo Zetwa nan Lagonav tap esplike ak anpil degoutans, kòman kèk malfwa nan popilasyon an fòse Bryan, yon sitwayen ameriken ki tap fè sosyal kite zile a.

Envesti nan peye pwofesè lekòl piblik kou prive, bay manje nan plizyè etablisman, poun site sa yo sèlman, san konte konstriksyon yon waf ak dispozisyon yon boat sovgàd nan kad ijans; se pami yon seri reyalizasyon ki objè bilan Bryan nan kad sèvis sosyal anfavè kouch moun defavorize yo sou zile Lagonav.

Direktè radyo Zetwa a, ap esplike yon lòt bò, Bryan revele l, anpil fwa yo konn rale zam sou li epi fòse’l bay gwo magogo, san kote divès lo materyèl yo piye epi pote ale.

Antouka, si pou Bryan se zak malonèt yo ki pouse’l ale, pou kèk abitan se move kondwit Bryan ki lakòz li nan kanpe lwen. Abitan yo esplike, Bryan ap resevwa gwo magogo pou monte chodyè sou non popilasyon Gran vid la, alòske kon chodyè a atè se sou non pa’l sèlman l drese. Nan sans sa a, popilasyon an deja anonse se yon sèten Ti Bab ki pwal vin ranplase Bryan.

Comments are closed.