Yon tèrib aksidan sikilasyon fèt nan komin Jan-Rabèl, aprè midi 24 jen 2023 a.

1,086

06-24-2023

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Aksidan sikilasyon yo ap kontinye sou twonson wout Jan-Rabèl la. Yon machin, aprè midi 24 jen 2023 a, tonbe 4 wou anlè nan zòn Mòn Pastè, nan komin Jan-Rabèl, kote veyikil la fè loupin e blayi sou yon twalèt ki fèt ak beton nan lokalite nan Rémy.

Ensidan malere sa a, pase nan moman pèleren yo tap sot pran plezi nan okazyon selebrasyon fèt patwonal Sen Jan Batis, jounen samdi 24 jen 2023 a, nan Jan-Rabèl, Ba Nòdwès peyia.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, pa gen pyès moun ki mouri sèlman chofè a, kap pran swen sou kabann lopital.

Comments are closed.