Sou direktif MOFEDGA divès òganizasyon fanm yo manifeste pou di non a tout sak pa bon nan sosyete a.

1,050

03- 08-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè dizèn manm òganizasyon fanm manifeste pasifikman nan vil Jeremi jodi mèkredi 8 mas 2023 a. Sou leadership Mouvman Fanm pou Devlopman Grandans (MOFEDGA) manifestasyon an te al bout devan pakè ak tribinal Premye Enstans Jeremi an. Yo te profite denonse nèg ak fanm ak vès nan aparèy jistis lan nan Jeremi kap vann jistis viktim kadejak yo pou gro tranch lanjan, e fè viktim yo pase nan plas bouro yo.

Manm òganizasyon sila yo, ki se reprezantan sektè atizan an, peyizan, sosyo pwofesyonèl, inivesitè e latrye, pwomèt pou batay jouk mayi mi, pou fini nèt ak tout fòm ensekirite, vyolans avyolasyon dwa moun.

Se te okazyon pou ansanm oganizasyon sa yo, mande sipò sektè dwa moun nasyonal kou entènasyonal pou ede debarase ak konwonpi, sansi sa yo ki nan aparèy jistis merilan nan Jeremi.

Comments are closed.