Rev. Pastè Jean Claude Thervil deside konstwi Pon ri H. Paul la, ki lakòz anpil pwoblèm nan tan nòmal ak lè lapli tonbe.

810

07-29-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Zafè poul pa zafè kabrit, se konpòtman prèske chak grenn ayisyen kap viv nan peyi Dayiti. Pou anpil sitwayen ayisyen, se Leta oubyen òganizasyon entènasyonal yo ki dwe fè tout bagay, san yo pa konnen sitwayen yo dwe jwe wòl yo jan Manman Lwa peyi a mande sa.

Bwavo ak reveran pastè Jean Claude Thervil, ki deside kontinye bay kominote Kapwa Lamò a kout men, lèl pran desizyon konstwi Pon ri H. Paul la, ki nan bon tan kou move tan, bay anpil tèt fè mal.

Nan bontan, se ak anpil difikilte pou chofè machin yo sikile, tèlman aksès sila te fin kraze; sa ki te toujou lakòz gwo ensidan. Nan moman lapli, sityasyon malouk pon an te lakòz, fatra ak labou degaje, yon sityasyon ki te lakòz fatra ak dlo vin plante pikèt yo devan ri a.

Pwomèt lap fin konstwi nan kèlke jou ankò, se yon pa devan pou ri H. Paul, ak tout kominote a, paske Leta lokal pa egziste nou pa dwe veye sou yo.

Viv ansanm, se byennèt chak ayisyen. Ann priyorize viv ansanm, patikilyèman lè nou voye je gade bezwen lòt yo nan antouraj nou!

Comments are closed.