Ekip “N’ap Valorize Valè” yo distribye nan zòn Pon Twarivyè ak nan prizon sivil Pòdpè a plizyè kit alimantè ak sandal nan okazyon selebrasyon fèt Manman yo.

947


05 – 26 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Se nan objektif tout Manman se Manman, ekip k’ap “Valorize Valè” yo ki genyen nan tèt li Hérode Valmond ke tout moun konnen sou non K- Navao, distribye nan okazyon selebrasyon fèt Manman yo, plizyè kit alimantè ak sandal nan zòn Pon Twarivyè ak prizon sivil Pòdpè a.

Nan sans sa a, plizyè machann chabon ak divès lòt machann ki t’ap vann plizyè lòt bataklan te reponn prezan sou Pon Twarivyè a ak souri sou lèv yo jounen dimanch 26 me 2024 la, pou te vin resevwa yon kit alimantè.

Yon lòt bò, ekip “Valorize Valè” yo te rann yo nan prizon sivil Pòdpè a pou yon lòt fwa ankò, pou te distribye divès sandal pou medam yo nan okazyon selebrasyon fèt yo.

Li enpòtan pou konnen, aktivite sa a reyisi se gras ak sipò kèk manm nan kominote dyaspora ayisyèn nan ak sila yo yo ki an Ayiti tankou, Madam Vivi, pou Ailiv Institute, Past. Fresnel Alcimé, Past. Kenson Désinord, Ernest Bien-aimé, Doc. Rock Cephanord, poun site sa yo sèlman.

Comments are closed.