Monsenyè Frantz Colimon, Evèk Emerit Dyosèz Pòdpè di planèt la babay

1,110

11-04-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon lòt fwàp ankò pou legliz Katolik, Monsenyè Frantz Colimon, Evèk emerit Dyosèz Pòdpè a mouri maten vandredi 4 novanm 2022 a nan kapital la.

Se depi yè mèkredi sante Monsenyè Frantz Colimon pat gaya; li te etène nan lopital Sen Francois de Salle, nan Pòtoprens. Enfòmasyon yo pa fè eta de ki sa li te soufri; sepandan, kòmantè yo ta plis avanse yon ipotèz ki plis chita sou vyeyès ak kò tchoule.

Francois Colimon te vini sou tè a 10 jiyè 1934, nan vil Gonaiv nan depatman Latibonit. Li te resevwa òdinasyon sasèdosal kòm pè Monfòten 11 fevriye 1962. Avèk yon pakou ki rich an sèvis, angajman ak pyete eklezyastik, li te arive konsakre kòm Evèk pou Legliz Katolik 8 desanm 1978 anba otorite Monsenyè Luigi Conti.

Colimon pase yon bon bout nan misyon sasèdosal li nan vil Pòdpè. Li te konsakre Evèk Pòdpè 22 fevriye 1982 – 1 mas 2008. Dènye fonksyon li te plase li an tit: Evèk emerite nan Pòdpè. Sèvitè Granmèt la mouri a 88 lane nan yon lopital ki preske pote non li e nan yon jounen kote ke fidèl Legliz Katolik yo ap selebre fèt Saint Charles Borrhomé.

Se yon gro fwap tranble janm pou kongregasyon eklezyastik la nan peyi Dayiti, patikilyèman nan vil Pòdpè, kote ke Monsenyè Colimon te pase prèske tout vi li. Popilasyon nòdwezyèn nan ap plis sonje Colimon pou enòmite sajès li ki te endeskriptiv.

Comments are closed.