FRENO ak REFANO nan tèt kole ak ansyèn premyè Dàm nan, òganize yon jounen klinik Mobil nan vil Pòdpè.

2,167

04/18/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Rezo Fanm Rezistans Nòdwes (FRENO) ki genyen nan tèt li Madàm Guitho Guillaume ak Rezo Fanm Aktif Nòdwès (REFANO) kap administre sou lobedyans Madàm Marie Anèse Fertil nan tèt kole ak premyè Dàm nan, Madàm Martine Moïse òganize dimanch 17 avril 2022 a, yon jounen klinik mobil nan site Kapwa Lamò a, nan zòn Latandri.

Nan okazyon jounen klinik mobil sila, kite jwenn benediksyon espesyalis kiben ak ayisyen, genyen anviwon 148 moun ki te arive konsilte epi jwenn divès kalte medikaman ki gen rapò ak divès maladi, san peye yon goud nasyonal.

Kòdonatris FRENO a bò kote pal, esplike sipò ke yo te jwenn bò kote direktè depatmantal Sante Piblik la,Tony Monestime ak tout direktè Lopital Jan Rabèl la, msye Canton pou reyisit aktivite sila.

Poze kòdonatris FRENO a kesyon, pou konnen èske inityativ sila ap kontinye ou pa? Li reponn nan mikwo korespondan TRiboLAND yo, ke yon pwochen klinik mobil se pral pou moun Deside, lokalite Polen/Lakòn, 4è seksyon nan komin Pòdpè.

Yon parèy aktivite klinik te rive materialize plis nan lide pou rive konbat epidemi gratèl la ak kèk lòt maladi ankò kap fè raj atravè peyi a.

Comments are closed.