Fidèl katolik nan Larezèv, depatman Nòdwès, selebre sen patwon yo “Saint Raphaël”

282

29 septanm 2020

Larezèv, Jan Rabèl____(TRiboLAND) Se jounen madi 29 septanm 2020 sa a, fidèl katolik Larezèv, 3e Seksyon kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès, selebre sen patwon yo ki se “Saint Raphaël.

Nan okazyon an, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi, te rive chante anndan chapèl Larezèv la anprezans kèk eli lokal: Madàm Mirlande Mirtyl ak Valmont Gladys, respektivman KASEK, ASEK san konte plizyè dyaspora ki te soti nan peyi lòt bò dlo.

Nan omeli sikonstans lan, prensipal selebran an, Rev. Pè Ménard Marcelyn ki t’ap fè yon ti rale sou sitiyasyon peyi sa a ap fè fas jounen jodi a, fè konnen sitiyasyon an grav anpil. Majorite jèn moun tankou granmoun pa gen anvi rete viv sou tè papa Desalin nan ankò. Konsa, yo oblije al chache yon lavi miyò lòt kote; kote anpil pami yo se despsyon ak imilyasyon yo twouve.



Devan mizè, soufrans ak imilyasyon pèp ayisyen an ap fè fas kare depi 1804, prèt selebran an, Rev. Pè Ménard Marcelyn pa t mete dlo nan bouch li pou bay nasyon sa a responsab mizè l akoz chak fwa gen eleksyon nan peyi saa se pou lajan (1000 goud) pou l vote.

Pè Marcelyn fini pou mande popilasyon Larezèv la, pèp ayisyen an jeneral, pran konsyans paske se yo ki responsab malè ak tout mizè yo nan vote depite, senatè ak prezidan pou lajan e ki mete peyi a nan eta l twouve l jounen jodi a.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.