Nòdwès / Edikasyon : Fondasyon TRiboLAND klotire ou reyisi dezyèm jounen fòmasyon nan zòn Lavo.

1,372

Divès moun soti Lapwent, Nan sitwon, ak Lavo pou te vin pran fòmasyon gratis sila ki te akse sou “agro-chimi endistriyèl”.

03-11-2023

Lavo, Ayiti ___(TRiboLAND) Jodi samdi 11 mas 2023, Fondasyon TRiboLAND reyisi ou klotire ak anpil satisfaksyon dezyèm jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik, nan zòn Lavo.

Toujou nan objektif pou koubat delenkans jivenil, plis pase 120 jèn ki soti: Lapwent, Nan sitwon ak Lavo pou swiv dezyèm jounen fòmasyon si la ki te reyèlman yon veritab eksplwà. Yo te genyen opòtinite pout e aprann anpil eksperimantasyon ki fasilite abilite pou majifaktire: likid, chanpou lalwa, vinèg blan, pafen, diven mayi ak piwili.

Yon legliz boure ap moun kap pran formasyon grati ak TRiboLAND nan Lavo, Nodwes Dayiti.

Avèk anpil foug pou aprann e yon moral ki opik, jèn yo fini avèk sans satisfaksyon 2 jounen fòmasyon sila. Yo resevwa  fòmasyon nan anviwon 12 pwodwi e resevwa yon sètifikasyon pou patisipasyon avèk kè kontan e onè!.

Yon fòmasyon ki reyisi gras ak sipò komite Akò TRiboLAND nan Lavo / Lapwent lan, Ekip Fondasyon TRiboLAND lan ak Me Ychmuth Coneille. Fondasyon TRiboLAND dekrete pèmanans, “fòmasyon gratis pou diferan lokalite, kote delenkans jiveni ap fè raj atravè peyi Dayiti.

Comments are closed.