Fiziyad nan Filadèlfi: sis polis ofisye blese

0 444

Filadèlfi__(TRiboLAND) Yon nonm ouvwi zam sou polis jodi 14 Dawou 2019 la, nan yon katye nan Filadèlfi pandan yo tap sèvi-l yon manda. Jènnòm sa ki arive blese sis ofisye e deklenyche gwo tire lèse fwape ak lapolis pandan yon bon bout tan nan sware-a, dapwè otorite yo.

Daprè Sèjan Eric Gripp pou Depatman polis Filadèlfi, blesi ke ofisye yo resevwa a pa mete vi yo andanje; sepandan yo te jwenn bonjan swen sante nan yon lopital.

Fiziyad la tap layite kòl depi vè 4:30 p.m. lòske plizyè ofisye te pwan dirèksyon yon kay nan zònn Nicetown, yon lokalite ki plase nan nò Filadelfi. Moun te ka tande divès kout zam ki dire plis pase yon 3 zèdtan konsa, selon  deklarasyon lapolis. Mannèv bò kote responsab yo pat sispann miltipliye konpwomi avèk bandi-a pou li te kapab givòp, alòske lapolis tap mande pou tout moun zònn nan rete lwen pa pwoche!

Konsa, zònn deblozaj la te gen anpil panik avèk yon pwezans kò polis ki ase lou san konte yon douzènn machenn konba ak ofisye e yo tout te ame jous nan dan. Yon bò nan kanpis Temple University te anba barikade avèk lapolis e anpil timoun ak anployè te anpetre tou pwè yon gadri.

Biwo ki regle kesyon tafya, Tabak, Zam ak Eksploziv te reponn a sitiyasyon an yon fason pou venn epole Polis Filadèlfi a. Pwezidan Donald Trump ansanm avèk Avoka Jeneral William Barr te enfòme de sitiyasyon an.

Leave A Reply