Ayiti / Edikasyon : Egzamen Bakaloreya yo ap kòmanse 1e pou rive mèkredi 6 jiyè 2022

2,213

06-30-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon nòt biwo kominikasyon Ministè Edikasyon Nasyonal la mete deyò, sou egzamen bakaloreya yo. 115 337 kandida retni pou 10 depatman gewografip peyia, kandida sa yo valide pou al patisipe nan egzamen bakaloreya pou ane akademik 2021-2022 a, kap kòmanse vandredi 1e jiyè, pou al bout mèkredi 6 jiyè.

Daprè deklarasyon Direktè Jeneral Ministè Edikasyon an, Docteur Meniol Jeune, nan konferans pou Laprès, tout bagay deja prè nan tout Direksyon depatmantal yo pou demaraj egzamen bakaloreya yo.

Responsab yo te tou fè yon gwo ralemennen vini sou règleman kap reji fonksyonman egzamen yo, tankou: kandida, siveyan ak sipèvizè pap ka itilize telefòn nan sant egzamen yo; kandida yo pap ka itilize kalkilatris ki pwograme ak lot zouti kominikasyon. Gen sanksyon ki prevwa pou kontrevenan yo, menmjan gen sanksyon pou sila yo ki ta enplike nan fwòd oubyen ki ta konplis.

Pou 115 337 kandida sa yo, gen 572 sant egzamen kap disponib. Selon detay estatistik yo, plis pase 48% kandida yo se nan depatman Lwès, swa 52 213; depatman Latibonit vini an dezyèm 12 249; depatman Nò vini an twazyèm avèk 11 722. Depatman Nip ki gen pi piti kandida, swa 3 536. Nan zafè dewoulman egzamen yo, genyen 5 disiplin ki transvèsal, tankou: filozofi, kreyòl, Matematik, istwa/jewografi ak chimi. Tout Moun ap fè egzamen sa yo, kelkeswa filyè li ye. Pou 4 seri yo: SVT, LLA, SMP, SES; tout kandida ap konpoze sou 1900 pwen, yap bezwen mwatye pou yo reyisi.

Kòdonatè Jeneral Pòl Ansèyman, Joseph Job Maurice, ankouraje kandida yo, pou yo byen prepare yo mantalman yon fason pou kapab itilize tout fòm estrateji akademik ki pou fasilite reyisit la. Maurice raple gro jefò ministè a te deplwaye pou akonpaye kandida yo, atravè kou a distans yo.

Comments are closed.