Vyolans responsab lekòl ap fè sou elèv nan peyia pa sispann bay men nan machwè

05-21-2024
Senmak, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon lòt responsab lekòl ki konpòte tankou yon goril, maltrete yon jèn demwazèl nan yon lekòl ki trouve-l nan vil Senmak, depatman Latibonit. Gwo koure goril la, kap jere lekòl “Institution Mixte Georges Sylvain” sakaje e trennen yon elèv daprè yon videyo viral kap paweze sou rezo sosyal yo.
Daprè entèvansyon plizyè lòt elèv ki tap eseye retire demwazèl la anba men swadizan yon Pastè goril, bourad ak trennen flanke deyò, gagann nan lestomak tap taye banda.
Yon zak malonèt ki endinye divès moun nan peyia, ki mande Ministè Edikasyon Nasyonal pran sanksyon kont yon parèy malfwa ki pa genyen anyen pou wè ak viv nan mitan moun. Nan dènye moman yo, elèv lekòl yo pa sispann sibi zak vyolans kòporèl e seksyèl anba men swadizan responsab lekòl nan peyia.
Nap raple, sa gen kèk jou depi yon responsab lekòl te fè yon zak parèy, responsab yo nan Ministè a te sezi pèmi ansenyan ak retire tout posiblite pou-l kontinye dirije lekòl.







Aba vyolans.
Triboland Mombin-Crochu