Anplayè yo nan sant Jèmoplas Obè a, mete Agronòm yo deyò yon fason pou manifeste mekontantman paske yo pa peye yo

1,340

04-19-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Anplayè yo nan Sant Jèmoplas Obè a, nan Pòdpè, kanpe travay pou manifeste mekontantman yo kont responsab yo ki dwe yo 12 kenzèn depi yo pa peye yo.

Divès nan anplwaye kap travay depi nan lane 2019 trè asid anvè Jean Lucien ki se PDG fim kap travay nan sant la fè konnen, PDG a di moun yo dwe anile tout dèt avan yo, pou yo aksepte touche apati de mwa avril sa.

Anplayè yo ki pa dakò ak dispozitif sila, kanpe travay ak mete 2 agronòm ki tap travay sou plas pou bloke tout aktivite nan sant lan, jiskaske yo rive touche 12 kenzèn depi yo pa jwenn menm yon sal bab.

Group anplwaye sa yo pwofite mande yon ajisteman nan kantite lajan yo ba yo pou yon jounen travay, ki se 350 Goud ki pa vrèman ka reponn ak bezwen yo. Tout bagay tèt nèg nan peyia, kantite lajan sa pa ka pran swen fanmiy yo vre.

Anplwaye bay responsab la, ki se Jean Lucien 3 jou pou li fè sa lap fè a; san pa sa, yap pase nan yon lòt plan kap pi malouk ke kanpe travay ak mete agronòm yo deyò nan sant lan.

Comments are closed.