Aktivite dwòg : Lapolis nan Jakmèl fouke Pierre Chistophe

812
0
Share:
TRiboLAND

Jakmèl, Ayiti______(TRiboLAND) Trafik dwòg ap taye banda nan depatman Sidèst peyi a, patikilyèman nan komin Jakmèl. Konsa, nan objektif pou konbat flewo sila ki makònen ak sekirite a, direksyon depatmantal PNH la nan Sidèst (DDSE) arive mete men sou Pierre Christophe madi aprè midi 29 avril 2025 lan nan Jakmèl.
Prezime trafikan ou machann dwòg la, Pierre Christophe, jwen arestasyon li nan kad yon ankèt BLTS ki date depi jiyè 2024 e ki enplike plizyè lòt annafè tankou Aris Charles ak yon polisye fanm reselè ki pote non Carline Dezantil.

Mesye BLTS yo te debake an chango lakay Christophe; yo te akonpanye jij depè Antonius Alexandre. Konsa, yo te fouye kay la latèt opye, yo te dekouvwi 15 katouch kalib varye.

Nan moman sila a, pwezime koupab la, Pierre Christophe ki fè pati yon gwo rezo nakotrafikan, twouve li nan gadavi, annatandan pwosesis legal yo materyalize.

Share:

Leave a reply