Nòdès – Wanament /kèk sitwayen kritike Leta Ayisyen ki mete ak Kodevi pou pran tè nan zòn Pitobe

2,281

07-02-2022

Wanament, Ayiti_____(Triboland) Nan yon konferans pou laprès kèk sitwayen bay nan zòn Pitobe bay vandredi premye jiyè a, denonse Leta Ayisyen ki mete ak Kodevi pou pran inik tè fètil ki te konn bay malere yo lamanjay.

Daprè mèt Simpson Charle Amazan, se yon pwojè ekstansyon ke pwojè “Kodevi Wanament” genyen pou yo kapab pran anviwon 65 kawo tè. Mesye Memoren Vital, kòdonatè ki tap pale nan non òganizasyon plantè viktim Womaribawo yo, deklare : se avèk gran etonman li aprann gen yon gwo pwojè zòn franch Kodevi Wanament vle vin enplemante sou tè Pitobe.

Pi lwen, Vital fè konnen espas fètil kote ki fè anpil manje nan zòn nan, se la Kodevi, Bank Mondyàl ak Leta Ayisyen vle mete ansanm pou vin fè pwojè yo. Plizyè sitwayen ki tap entèvni di yap voye yon siyal trè fò bay Leta koupyon an pou di yo 2022 pa 2002, kote Kodevi te pran tè peyizan yo e li te promèt divès pwojè ki ta pral fèt tankou: mete kouran nan Wanament; konstwi yon vilaj pou moun ki te sou tè konsène a; konstwi wout, pou n site kèk pami pwomès Kodevi te fè peyizan yo nan lane 2002 ki pa janm respekte.

Nap siyale Kodevi Wanament mete yon komite sou pye, yon komite OPVW yo denonse .

Jn Simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.