Espas ki loje Biwo Imigasyon an, nan Jeremi nan move kondisyon malè pandye

1,092

03-10-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) “Kay koule tronpe solèy, men li pa ka tronpe lapli”. Estrikti ki loje Biwo Imigrasyon ak Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) an nan vil Jeremi nan yon kondisyon malè pandye depi aprè dènye gro evenman gwoudou gwoudou yo nan penensil Sid la.

Estrikti ki loje Biwo Imigrasyon nan Jeremi, preske tonbe sou moun.

Nou fouye zo nan kalalou, ti istwà ta vle fè konprann se yon estrikti ki konstri depi sou epòk kolonyal.
Selon sa anpil moun fè remake nan mikro TRiboLAND, kay sila sibi anpil katastwof natirel tankou tranbleman tè 12 janvye 2010, siklonn Matye nan ane 2016, plis tranbleman tè 14 dawout 2021 an ki ba l anpil fisirasyon.

Malgre danje ke edifies la ta repwezante; pandan “epok bèf gra” a nan zafè fè paspò ni pou leta kou raketè nan sosyete a, konsta yo montre ke responsab yo apsèpte resevwa moun nan yon parèy batiman ki ta dwe fèmen.

Sèvis tout kalite delivre nan espas la lajounen kou nan lannwit; se plizyè santèn moun ki se granmoun, tibebe, jèn moun e sa yo ki mobilite redwi, antre pote boure pou kouche paspò jis pou pwogram Biden nan.

Pou kèk moun, yo fè konen se mizè ki lakoz yo riske vinn fè pyès yo anba yon parèy kay fiisire konsa, ke konsidere kòm yon simetyè. E yo mande Ministè Enteryè ak DG Imigrasyon an di yon mo pou Jeremi fas ak yon malè pandye nan yon kap tronpe solèy, men li pa ka tronpe fisirasyon!

Comments are closed.