Platfòm òganizasyon fanm yo nan Grandans (PLOGA) plede pou yon refòm jeneral jitis lan nan Grandans.

1,013

03 -10-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND ) Konferans depwès, sitting, manifestasyon pasifik san konte petisyon: se pwisipal zouti ak mwayen demokratik, òganizasyon fanm yo nan grandans an majè pati itilize pou egzije revokasyon tout yon seri jij ,komisè gouvenman konwonpi defason avèg kap vann jistis, tankou pap padap, lapou lapoula ak gro kriminel, kadejakè, e fè viktim yo pase pou bouwo.

Ansanm òganizasyon sa yo kise, OFTAG, FANM DESIDE, FANM SOLIDE, KOFAGA, pwomèt pou batay jouk mayi mi ,pou abouti ak rèv yo ki se debarese Grandans ak aparèy jistis java ak kòwonpi malfektè kostime, sans fwa ni lwa sa yo ki finn souse san sa ki pi fèb yo.

Manm Platfòm òganizasyon fanm yo nan Grandans, rabat pou yo mande konkou, òganizasyon dwa moun yo, tankou (RNDDH) (POHDH) (CJLAP) (L’ONU) ak lòt ankò ki kapab fasilite degèpisman yon ekip atoufè kap vyole dwa moun maten e swà.

Comments are closed.