Ministè enteryè remèt yon lo materyèl kap pèmèt sitwayen yo viv retransmisyon Mondyal 2026 lan.

06 – 18- 2026
Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Tankou jan gouvènman Fils-Aimé a te anonse atravè ministè enteryè ak kolektivite teritoryal ke minis Paul Antoine Bien Aimé ap dirije, livre bay prezidan asosyasyon Kazèk yo, Luc Raymond Simon 58 televizyon ak 60 dèlko pou desèvi kominote yo atravè 14 komin depatmantal san konte 47 seksyon kominal nan Grandans peyi a.
Daprè prezidan Simon, demach sila abouti swit ak yon rankontre ki te fèt jou ki te 18 desann 2025 lan, nan lokal palè minisipal Delma a nan Pòtopwens ant tout reprezantan kolektivite yo ak chèf gouvènman an, Alix Didier Fils-Aimé. Se konsa, rankont ak pwomès yo arive materyalize; pèmèt peyizan an nan zonn rekile yo ak katye popilè yo kapab viv retransmisyon mondyal 2026 lan.
Nan kad dosye sila, genyen manm nan sosyete sivil Grandans lan pataje pwen opinyon yo sou kòman materyèl odyovizyèl sa yo dwe jere pou ke yo itil sosyete a kòm sa dwa; yo mande fòk genyen fòmasyon yon komite onèt pou fè yonn bònn jesyon ou envantè materyèl sila yo.
Nap raple plizyè sitwayen atravè peyi espere akizisyon materyèl sila yo pa yon lajan jete; kote eskanmòtè ki nan bwat leta yo, pa vann, boukante, ou itilize yo kòm byen pèsonèl yo, tankou jan sa abitye fèt nan direksyon depatmantal ministè Espò ak Kilti nan plizyè vil pwovens.






