Pòdpè : Kanaval Etidyan, yon tradisyon pou n sove!

196

Pòdpè : Kanaval Etidyan, yon tradisyon pou n sove!

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, etablisman eskolè yo, inivèsite yo nan peyi Dayiti pa òganize bagay yo rele Kanaval etidyan. Se yon tradisyon ki prèske pa egziste, pou n pa di li prèske pèdi valè li.

Jounen jodi a ,anpil enstitisyon piblik tankou prive vle reprann yon parèy tradisyon; yo vle retounen ak kesyon kanaval etidyan an ki se yon anbyans kiltirèl nasyonal ke ayisyèn an pa kapab neglije pwiske se li ki louvri pòt bay 3 jou Gra yo: dimanch, lendi ak madi.

Kanaval Nasyonal la ki gen pou fèt nan Nòdwès peyi a ane sa a, sanse motive enstitisyon piblik tankou prive nan sans saa. Se Konsa, jounen vandredi 12 fevriye 2021 an, ki konsakre pou reyalizasyon Kanaval Etidyan, moun te kapab remake plizyè etablisman eskolè òganize Kanaval Etidyan anndan etablisman yo menm tankou: Saint Joseph, Yave Nissi, La Colombe, Institut Le Marien, Collège Mixte Lesly Docteur, Collège Virginie Semper, Collège Les Saints Innocents, Institution Notre Dame du Perpétuel Secours, pou n site sa yo sèlman.

Sou inisyativ komite òganizatè Kanaval Etidyan an, nan vil Pòdepè, elèv, pwofesè, paran akonpanye pitit yo, te okipe beton an, jounen vandredi 12 fevriye 2021 an, avèk anpil mizik, anpil animasyon, anpil degizman ak koulè.

Youn nan manm komite òganizatè Kanaval Etidyan pou ane 2021 an, pwofesè Beauchamp Henry Michel, te fè ti bat bouch ak TRiboLAND, deklare yo deside ane saa mete elèv yo nan anbyans kanaval la pwiske yo remake se yon tradisyon popilè otorite nan peyi isit lage nan tiwa.

Pwofesè Beauchamp Henry Michel fini pou mande popilasyon ayisyèn nan, an patikilye depatman Nòdwès, pou pote kole chak ane, pou n kapab retounen lakay ak yon parèy tradisyon ki se Kanaval Etidyan, yon avangou pou 3 jou gra yo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.