Lapolis nan Grandans fè bilan 2 lane Frantz Saint Armand kòm alatèt polis Grandans lan.

88
0
Share:
TRiboLAND

05 – 16 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make 2 lane Frantz Saint Armand nan tèt direksyon depatmantal fòs polis lan nan Grandans ; polisye yo ak sipò kèk òganizasyon nan sosyete sivil òganize Grandans lan, realize jounen vandredi 15 me 2026 la, divès aktivite kiltirèl nan lokal direksyon depatmantal lan. Aktivite yo te dewoule an prezans dives pèsonalite piblik kou prive. Kèk òganizasyon te pwofite renmèt komisè divizyonè Frantz Saint Armand, yon distinksyon pou pwofesyonalism li ak fason li pasifye Grandans lan 2 lane aprè mouvman plizyè inite lapolis nan Grandans te leve kont Louis Edner Yacinthe kòm ansyen direktê depatmantal polis Grandans lan ki tap voye flè.

Jounen kenz me 2026 lan, enstitisyon polis Nasyonal lan nan Grandans te pwofite fè yon bilan travay pozitif ki realize sou kòmandman direktè Frantz Saint Armand. Yo te mete anpil aksan sou demantèlman gang Ti Kenken nan komin Dam Mari, Gwoup gang nan Chanbelan, nan Anzdeno, Bagay Nèf nan Sentelènn, pou n site sa yo sèlman. Answit, bilan te vize egalman travay konstriksyon ak reabilitasyon espas pou sèvis BPM – SDPJ direksyon depatmantal polis Grandans lan.

Divès pèsonalite tankou Dwayen, mèt Jean Michelet Seide, reprezantan Ofis Pwoteksyon Sitwayen ak Sitwayènn (OPC) te reponn prezan nan gwo sòlòkòtò a. Yo te eksprime santiman ak satisfaksyon yo anvè direktè polis Grandans lan, Frantz Saint Armand ke yo swete ki ta dwe fè plis ke 2 lane kòm chèf polis depatman Grandans lan.

Share:

Leave a reply