Protestasyon vyolan divès elèv lekòl: yon manda pote vini desène dèyè Josué Mérilien ak alye

338

09\10\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Asosyasyon malfektè, vwadfè, tantativ asasina ak yon pakèt lòt latriye chaj pakè tribinal sivil Pòtoprens lage kont pwofesè Josué Mérilien, Jeanty Manès, Ti Youri, Tèt zo ak Tèt Kas moto ki gen manda damne kap swi lonbwàj yo.

Yo akize swadizan militan sa yo dèske yo fè vwadfè ki okazyone yon krèy etidyan lise Marie Jeanne ak kolèj Canado-Haitien blese.

Manifestasyon tout kalite sa yo ki pafwa vyolan nan dènye jou sa yo nan kapital la, pa sispan miltipliye bò kote elèv yo nan kapital la; yon seri vag protestasyon kap mande retou profesè yo nan klas ak bon kondisyon travay.

Comments are closed.