Tout bagay ta sanble kwit pou biwo imigrasyon an nan Wanament

896

03-05-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon rankont ki fèt aprèmidi 4 mas ak direktè jeneral Ministè Enteryè a Mesye Amòs Zéphirin nan lakou Wanamen, yon fason pou fasilite bon jan sèvis ki gen nannan patikilyèman nan prosesis paspò nan biwo imigrasyon pou rejyon Nòdès peyi a.

An prezans 3 manm majistra enterimè, Vis delege awondisman an Harold Joseph ak komisè polis Wanament lant e fè yon tèt kole atravè yon reyinyon an kad òganize ou planifye sou ouvèti biwo imigrasyon Wananment lan.

Nap raple te gen anpil divèsyon ki ta fè kwè gen plizyè komin Fòlibète ki tap goumen pou se pa bò lakay yo pou biwo imigrasyon an ta syeje. Yon enfo ke TRiboLAND pa arive konfime.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.