Senlwidinò: 3 moun blese e yon kay boule nan lokalite Koray Gicha 3èm seksyon Dègranj

1,276

02-01-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) 3 moun blese, yon kay boule nan lokalite Koray Gicha 3èm seksyon Dègranj nan komin Senlwidinò; ensidan sa yo, se rezilta yon gro katchou boumbe ki eklate aswè mèkredi premye fevriye 2023 a, ant Juleber Celouis ak Wilet Vilsaint.

Juleber ki se yon veteran nan tire moun nan repiblik Domikenn kwaze ak Wilet Vilsaint epi Wily Vilsaint ki se 2 frè. Juleber masakre 2 frè sa yo ak kout manchèt, mesye sa yo resevwa plizyè kout manchèt nan pye, tèt ak ponyèt. An revanj patizan 2 mesye yo boule kay Juleber.

Pou koulye a 2 frè sa yo ap soufri lopital epi Juleber menm pran lafwit ak tout rès fanmiy li. Yon sitiyasyon ki kreye anpil fwistrasyon nan mitan popilasyon an ki sot pase plizyè ane ap sibi tout kalite echèk anba men bandi ame koulya yo retounen ap viv menm zak vyolans sa yo ankò.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.