Yon gwoup moun dechèpiye lokal Karitas nan Lavo komin Lapwent depatman Nòdwès byen bonè maten an.

1,589

09-19-2022

Lavo, Ayiti (TRiboLAND) Yon gwoup moun byen òganize soti nan diferan zòn ou komin vwazen parèt ak baton, koulin, wòch, mas nan men yo e antre nan lokal Karitas Nòdwès la dechèpiye tout sa kite genyen nan depo yo.

Manifestan yo kraze depo kite gen diri, pwa, lwil elatriye epi pote ale 24 motosiklèt anplwaye yo te konn al travay. Daprè gadyen an se sèlman yon valiz lite retire ki sove nan lokal la ak kay yo ki pa detwi. Tout dosye simaye nan lari anplis yo vide dlo mouye sou yo.

Malgre jefò direksyon depatmantal polis la avèk prezans BLTS yo pou te ka limite dega yo, popilasyon an te deja fin dechèpiye tout sa kite andedan depo yo.

Pou tout rezon sa yo direksyon depatmantal polis Nòdwès la raple plizyè nimewo pou popilasyon an rele pou si ta gen ijans nan peryòd kriz la.



Comments are closed.