Sangwen ame jous nan dan, ensandye rezidans yon ansyen Enspektè jeneral PNH la.

894

08-19-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) OPC ki se Office de la Protection du Citoyen, kap batay pou fè respekte dwa moun, pa konnen ki sen pou yo rele, lè yo aprann bandi sangwen, ki ame jous nan dan, antre manu militari nan rezidans Fritz Jean, ansyen Enspektè jeneral alatèt PNH la, dapwè aktyèl Pwotektè sitwayen an, Dr. Renan Hédouville.

Nouvèl yo fè eta anpil sakad ak kraze bwize, jiskaske yo mete dife nan rezidans, ansyen Pwotektè annapwè egalman OPC a, jounen vandredi 18 dawou 2023 a, nan komin Taba.

OPC, ki rekonèt ke lakay Fritz Jean, kòm yon moun ki genyen bon kè, atravè sèvis ke lap bay sosyete a, yon defansè enpekab nan sa ki genyen pou wè avèk bònn gouvènans, youn ki toujou pwiyorize respè dwa moun.

OPC, ki santi li devaste ou endinye avèk konpòtman iresponsab yon seri otorite nan Leta a, voye yon gwo chay solidarite bay ansyen Enspektè Fritz Jean ak tout dfanmiy li ki pèdi nan yon fwaksyon segonn, tout sa yo te posede. Nan menm sans lan, Dr. Renan Hédouville. li pa bliye pataje doulè ak mizèrere yon latiye lòt sanzabwi, ki oblije deblase ap dòmi anba galri ak pye bwa akoz aktivite gang yo ki asyeje tout kapital la.

Comments are closed.