TPTC fè makònn ak Lameri pou prosede ak netwayaj kèk zòn nan vil Pòdpè

1,328

03-05-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, fatra ak labou pa janm sispann fè piramid nan zafè degradasyon anviwonnman an ak degaje move nan mitan popilasyon an. Chato ou barikad fatra sa yo, se referans devan pòt divès enstitisyon ak rezidans divès gwo chabrak.

pou fè prèv genyen tikal konsyans ki rete toujou, Travo Piblik branch Nòdwès, ki genyen nan tèt li Joseph Angelot Horacius, deside bay yon kout men ak Lamèri Pòdpè nan lide pou wè nan ki fason yo kapab retire kèk zòn nan site Kapwa Lamò anba piramid ensalibrite.

Konsa, gras ak yon ekip mendèv kalifye epi disponib, operatè yo deja tanmen anviwon 2 jounen netwayaj sou zòn boulva Jovenel Moïse la ak zòn Won Pwen, pase pwan ri Durmasais Estimé.

Netwayaj TPTC ak Lameri nan vil Pòdpè, 4 mas 2023

Pou anpil moun, se vre 2 enstitisyon sa yo deside netwaye lari a, men sepandan, pwoblèm salte vil Pòdpè a pa chita sou netwayaj ri ak riyèl sèlman; se netwayaj kanal yo ki bouche ak basen vèsan yo ki pa kontwole. Pou lòt kritik, se enplemantasyon yon plan asenisman ki egalman chita sou edikasyon popilasyon an ki kontribye nan simaye fatra volontèman nan diferan espas piblik.

“Menm jan leta ap pati dèyè moun kap piye ou kase kay moun, leta kapab antre anpil kòb nan penalize manfouben ki alèz ak fatra yo”, daprè refleksyon kèk sitwayen ki rete kwè chanje eskanp figi komin Pòdpè posib; si tout fwa genyen yon plan djanm sou depozitwa ak jerans fatra a.

Yon grok out chapo pou efò ak konsyans TPTC e Lameri, ke pèsòn moun pa kapab minimize ou inyore nan yon moman ki si dramatik! Imajine TPTC ak Lameri pase pran ou asèpte travay ak yon òganizasyon ki manifeste anpil veleyite e pèsistans pou netwaye komin Pòdpè; franchman, sa tap fè fyète pitit Pòdpè ki pa sispan viv nan dezespwa fas ak vizaj denatire komin nan!

Comments are closed.