UNNOH denonse konpòtman initil gouvènman Ariel Henry a ki pa fè anyen sou ensekirite san parèy anndan peyi a.

225
0
Share:
TRiboLAND

03-05-2023

Pòtoprens, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès, responsab Inyon Nòmalyen Ayisyen yo (UNNOH) bay jounen  3 mas 2023 a, denonse konplisite leta Ayisyen nan zak ensekirite kap efondre peyi a.

Nòmalyen ayisyen yo devwale pyès teyat CARICOM te vin fè andan peyi a, pandan popilasyon an lage nan kouri anba bal bandi yo. Ajoute ak sa, yo estime Madan Lalim ki enplike nan federe gang, fè peyi a prèske tounen lanfè daprè kòdonatè UNNOH a Josué Merilien ki tap depoze.

UNNOH mete sou selèt akizasyon, gouvènman defakto Ariel Henry a ak Nesmy Manigat an patikilye ki kanpe bwa kwaze ap gade bandi yo kap mache kidnape paran, pwofesè elèv san kè sote.  Yo kite lopital jeneral rete fèmen pandan yo sot envesti nan kanaval, yo pa peye PRONEC depi 18 mwa epi answit yo pran plezi peye pwofesè chak 58,60 ou 62 mwa, sa ki lage pwofesè yo nan plis pwoblèm.

Nan sans sa, òganizasyon an envite pwofesè yo an patikilye patisipe aktivman nan gwo leve kanpe ki dwe fèt avan lontan, pou libere peyi a ak rezoud pwoblèm kap boulvèse sektè edikasyon an.

Nap raple, genyen yon kantite anseyan ki pase anba tonad kidnapping nan peyi a nan dènye jou sa yo.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Share:

Leave a reply