LHADAN ofwi yon altènatif nan deplwàtonaj kriz migran ayisyen yo nan Del Rio, Texas

1,980

09/23/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt ke LHDAN mete deyò, yon kolònn 68 òganizasyon pwopoze yon solisyon annatandan ki kapab vize pou apeze kriz imanitè ki mete nan 2 ran byen pwès plis pase 14,000 migran ayisyen sou tèritwà ameriken kap subi move tretman, imilyasyon ak depòtasyon.

LHADAN pwopoze gouvènman ameriken ak tout otorite leta Texas yo, yon 80 ekta tè ki rele latriye òganizasyon ayisyen ameriken sa yo chèmèt chè mètrès e ki toupwè fontyè Meksik ak Etazini. Konsa, yon parèy objektif se arive mete sou pye yon kan pou refijye yo jiskaske lajistis pwononse yo sou kalifikasyon ou diskalifikasyon migran yo jan sa pwevwa nan pweskripsyon ou reglemantè azil dapwè Konvansyon Jenèv la.

Toutfwà, LHADAN denonse ak tout fòs li ak malonèt ak vyolasyon dwà moun ki fèt sou migran ayisyen yo. Yon seri video ki montre eskalad abi fizik ke yo fè sou frè ak sè ayisyen yo; yon sitiyasyon ki endinye tout ayisyen kap viv lòt bò dlo.

LHADAN mande gouvènman ayisyen pou pote devan tribinal entènasyonal, yon plent fòmèl kont peyi Etazini pou yon parèy zak kriminèl kont limanite. Kòman yon peyi ki swa dizan di li se chanpyon nan demokrasi ak defann dwà moun kapab arive komèt zak baba repunyan sa yo?

Comments are closed.