Chèf Pakè Tigwav la entèdi machin sikile ak vit tente nan jiridiksyon an.

1,377

03-05-2023

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) nan objektiv pou kontre kòn avèk ensekirite kap taye banda atravè peyi a, chèf Pakè Tigwav la, Pierre Elioth Paul adopte atravè yon avi ke li pibliye premye mas 2023 a.

Konsa, komisarya polis yo jwen enstriksyon pou chire mete atè tout fim tente ki nan machin ki pa otorize. Anplis, pou veyikil ki otorize yo, otorite lapolis yo ap genyen pou entansifye mekanism kontwòl yo e fouye nòmalman tout machin ki otorize pou sikile ak vit tente.

Chèf Pakè Pierre Elioth Paul ale pi lwen pou li di: ke tout lwijanboje ki ta vle kanpe ankwa fas ak dispozisyon sila, ap genyen pou pouswiv jan lalwa mande sa. Yon parèy dispozitif ap antre an vigè apati 8 mas 2023 nan vil Tigwav.

Comments are closed.