Kovid-19: Plizyè sukisal Unibank fèmen pòt yo atravè depatman Lwès la

340


Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon latriye 10 sukisal UniBank twouve yo nan obligasyon pou fèmen pòt yo pou yon ti bout tan akoz kèk anplwayè nan lokasyon sa yo te pwezante sentòm ki tèt koupe ak pandemi kowonaviris.

Sukisal sa yo ki localize nan diferan rejyon metwopolitènn nan te fèmen depi Lendi 25 me 2020 an. Oken ka kovid-19 pa anrejistre pami anplwayè sa yo. Sepandan, gras ak entèvansyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, anplwayè UniBank yo te deja subi pwosesis pwelèvman echantiyon pou egzaminasyon. Konsa, yo tout te oblije an katòzènn jiskaske yo jwen rezilta tès lab yo.

Comments are closed.