“New Club Production (NCP) & Kadosh Ministries ” ap prezante premyè edisyon “Festival Evanjelik” nan komin Basen Ble, ki batize sou non “Bassin Bleu en Louange”

1,282

03-04-2023

Basen Ble, Ayiti ____(TRiboLAND) NCP ak Kadosh Ministries antre nan faz preparasyon gwo kòkenn chenn aktivite nan komin Basen pou tout kretyen Redanmtè beni yo. Aprè yon bon bout tan nan fè bwas ak refleksyon sou sa ki genyen pou wè kap program rejwisans evanjelik ki pa depaman ak fwa yo, Komite òganizatè a lanse premyè edisyon Festival Evanjelik nan komin Basen Ble.

Konsa, randevou a kase pou16 avril 2023, yon dat ki pral mete yon latriye atis konsome, sou tit “Bassin Bleu en Louange”.

Divès frè ak sè ki boure ak talan pral jwenn posiblite pou pèfòme nan gro sòlòkòtò evanjelik sila, ki pral etale yon seri enpekab talan tankou: Elida Pierre, Blocson T, Kathia Ternelan, Pastè Lesson Pierre, pou-n site sa yo sèlman.

Tout moun nan sant vil la, tout seksyon kominal yo ak tout lòt lokalite ki vwazen komin Basen Ble yo, yo tout envite pou vin fasilite reyisit premyè Edisyon Festival Evanjelik la.

Festi aktivite yo, ap kòmanse vè 2è nan aprèmidi sou “Teren Baskètbòl Legliz Batis Evanjelik Basen Ble a” e pou sèlman 100 goud Lesko. Vin kontinye bay BonDye Louanj pou sa li reyalize nan lavi nou tout!

Comments are closed.