Fidèl katolik Bè Dè Monstik “Labe” ap selebre sen patròn yo, “Ste Rose Delima”

228

Bè Dè Monstik____(TRiboLAND) Jodi 30 dawou a, se dat anpil pèleren pa negosye nan pote boure nan selebrasyon fèt Ste Rose Delima, patwòn Bè Dè Monstik nan kominn Pòdpè.

Daprè komite legliz katolik Ste Rose Delima a, anpil preparasyon, dekorasyon ak anbyans djaz mizikal se pami pwen fò gro evenman sa ki nan tan pase yo te genyen plis anplè. Fritzmond, sekretè komite legliz la pa’t kache mekontantman li fas ak yon seri difikilte ekonomik ki totalman afekte anplè tradisyonèl gran panpan fèt Ste Rose Delima pou ane 2020.

Malgre prezans aktif nouvo kire a nan legliz la,”Bercy Noël” ki montre volonte lanmou ak devouman ke’l genyen, sa pa anpeche kontrent ekonomi yo fè ti bout kouto rete vwayaj! Konsa, mwayen yo tèlman fèb menm posiblite pou ofri yon lasibab aprè seremoni prèske pa egziste!

Yon lòt bò, kire a lonje dwàt sou kopòtman otorite lokal yo ak tout nasyonal yo ki pa mande yo sa yo pote pou vann nan kad reyalizasyon fèt Ste Rose Delima nan Labe. Toujou daprè Fritzmond, pi gwo esponsò ke yo konn genyen se dyaspora a, malerezman koronaviris ak ensekirite a paralyze tout bagay. Elas, fè tan kite tan!

Li enpòtan pou nou sinyale ke Bè Dè Monstik, se yon lye istorik ak touristik ki ofri yon seri plaj enpresyonan kap flote nan yon lanmè tikwaz ki inik. Konsa, “Labe” se yon lokalite paradizyak, li ofri anpil potansyèl ak yon leta ki pro-aktiv.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.