Plizyè bato lamarinn wàyàl Kanada ap fè legetè nan dlo sale kapital peyi Dayiti a.

945

03-02-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè bato Lamarinn w`ayàl peyi Kanada rive nan dlo sale peyi Dayiti, jodi jedi 02 mas 2023 a, nan kapital la, Pòtoprens, daprè sa Minis defans kanadyènn nan, Anita Anand fè konnen atravè yon tweet.

Rive bato sila yo nan Pòtoprens, gen pou wè avèk sekirite peyi Dayiti. Li koresponn egzak avèk promès Premye minis kanadyen an, Justin Trudeau te fè nan moman gro sòlòkòtò “Somè Karikòm” nan, nan Bahamas.

Bato sa yo ki rele: NCSM Glace Bay ak Moncton, ap gen pou fè yon seri aktivite va e vyen ak legetè, yon fason pou kapab kontrole aktivite gang yo sou dlo sale.

Comments are closed.