Masak bandi nan Maryani: yon vwalye atake e 7 inosan pasajè mouri tèt nèg

959

01 – 07 – 2024

Maryani, Ayiti_____(TRiboLAND) Mizèrere popilasyon ayisyèn nan kontinye ap pran lanm anba grif gang sangwen yo nan Maryani. Kriminèl yo ki deja okipe Maryani depi plizyè semènn, paralize ou bloke aksesibilite wout Gran Sid la, e menm arive ransone e atake sitwayen yo kap eseye trese lèl pou travèse Maryani nan ti kannòt.

Konsa, bandi sangwen ou alye gouvènman an, ki deja okipe yon bon valè depatman Lwès peyi a, masakre jounen samdi 5 janvye 2024 la, mwens ke 7 malere vwayajè ki te sou yon vwalye ki tap navige sou dlo sale nan direksyon Gran Sid peyi a.

Bandi sangwen yo ki te sou yon bato, tea me jous nan dan e kidnape plizyè lòt malere ki te senpleman ap evite wout gang sangwen yo ki pa sispann resevwa zam ak minisyon bò kote lòt peyi kriminèl ki detèmine pou anglouti Ayiti kòm pwemye repiblik nwa endepandan.

Comments are closed.