Fondasyon TRiboLAND ateri nan Lavo pou kontinye fòme jèn yo gratis, yon fason pou yo gen yon zouti pou konbat ak lavi

1,246

03-02-2023

Lavo, Ayiti ___(TRiboLAND) Toujou nan kad batay pou kont delenkans jivenil, Fondasyon TRiboLAND ateri nan Lavo pou fòme jèn yo. Yon kokennchenn seminè sou fabrikasyon pwodwi chimik ap òganize vandredi 10 ak samdi 11 mas 2023 nan lokalite Lavo, nan lokal “Église Christ Vivant de Lavaud” ki trouve-l nan Riyèl La Rat, soti 8è pou rive 4è.

Nan seminè sila, jèn yo ap gen posiblite aprann fè: Mayonèz, Tabasko, Esans, Ketchup, Diven, Kloròks, Pafen, Vinèg, Savon likid ak Kremas elatriye.

Aprè divès zòn nan depatman Nòdwès la, ak rès peyia deja benefisye fòmasyon san aprenan yo pap peye yon goud Lesko, fwa sa se tou pa jèn nan Lavo. Pandan responsab estrikti oerasyonèl la ap kontinye panse ak ekip Fondasyon TRiboLAND lan, pou rive touche lòt zòn ki poko jwenn pa yo.

Fondasyon TRiboLAND lanse nan fòme jèn, yon fason pou rele chalbarik dèyè delekans jivenil ; ak pèmèt jèn yo gen yon pwofesyon kote yap jwenn posiblite pou travay ak tèt yo.

Comments are closed.