Ansyen etidyan Lekòl Nòmal Lavo yo òganize yon rankont anliy ak tout manm yo jedi 09 fevriye 2023 a

1,538

02-09-2023

Lavo, Ayiti___(TRiboLAND) Yon rankont òganize ak tout ansyen etidyan Lekòl Nòmal Lavo, nan depatman Nòdwès peyia jounen jedi 09 fevriye 2023 a; yon chita tande ki te mete anfaz sou prezantasyon travay komite 13 manm kap kòdone asosyasyon sila a nan tout peyi a ak nan peyi lòtbò dlo.

Konsa, yon parèy rankont vityèl te fasilite komite a egalman reflechi sou nouvèl pèspèktiv ki pral debouche sou pwojè yo genyen pou kite yon moniman kòm reyalizasyon yo nan sistèm edikatif ayisyen an kòm ansyen anseyan ak anseyant.

Lide sa yo ki tap flannen depi 2016, vin tounen yon reyalite pou tout ansyen etidyan Lekòl Nòmal Lavo yo ki pa egziste ankò, men toujou ap fè chemen l bò kote etidyan yo, ki ta konstate se yon mal yo fè peyi a dèske yo ta kraze yon patrimwan konsa, kote jèn fi ak jèn gason nan tout peyi a te konn resevwa yon fòmasyon entegral pou ede ti frè ak sè jwenn bonjan fòmasyon nan milye defavorize yo.

Asosyasyon promèt pou li travay ansanm ak lòt òganizasyon edikatif yo pou pwogresyon sistèm nan nan sosyete ayisyèn nan, patikilyèman nan Nòdwès peyi a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.