Mèt Frantz Monclair revoke, Guy Alexis monte kòm nouvo Chèf Pakè Pòtoprens

374
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèt Frantz Monclair pèdi fonksyon li kòm Komisè Gouvènman Pòtoprens, yon jou sèlman aprè li fin bay lòd pou libere ansyen senatè depatman Nip la, Nenel Cassy.

Nan yon korespondans ki pote dat madi 19 dawout 2025, Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik, anba direksyon Minis Me Péllicieux, anonse ofisyèlman ranplasman Me Monclair pou mete nan plas li Guy Alexis, ki te ansyen Chèf Pakè nan Kwadèboukè.

Desizyon sa a rive nan mwens pase 24 èdtan aprè liberasyon ansyen palmantè a, yon dosye sispèk ki te atire anpil atansyon piblik ak medya yo.

Nan opinyon plizyè obsèvatè, mouvman rapid sa yo ta sanble ak yon “teyat politik” kote gouvènman an ap chèche parèt kòm si lap pran mezi sevè, pandan ke, daprè yo, yon parèy desizyon pa ka pran san konsantman gwo chabwak Leta.

Share:

Leave a reply