Responsab PNH yo nan Nòdwès lanse yon tounwa nan okazyon fèt yo

834


05 – 26 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Responsab Polis Nasyonal Dayiti yo nan depatman Nòdwès la lanse yon tounwa Foutbòl nan okazyon 29è anivèsè PNH la 12 jen kap vini la. Yon tounwa ak 4 ekip pou kreye anbyans sou plan espòtif nan gran fèt sa. PNH, Veteran, Laprès ak Avoka yo, se 4 ekip kap patisipe nan tounwa sila.

Samdi 8 jen, PNH ap toke kòn yo ak Veteran; alòske nan dimanch 9 se pral Laprès ak Avoka yo. 2 ekip kap genyen yo pral fè final madi kap 11 jen 2024.

PNH nan Nòdwès bay tout fanatik Foutbòl randevou sou Pak Kapwa Lamò samdi 8, dimanch 9 ak madi 11 jen 2024. Direksyon depatmantal Nòdwès PNH la ki gen nan tèt li Clevens Cetoute, pa sispann kreye aktivite pou rapwoche PNH la ak popilasyon an.

Malgre tout feblès ki gen nan enstitisyon an, men gen anpil polisye ki fè anpil efò pou bay sèvis ak rete nan liy ak pwensip enstitisyon polisyè yo. Medya anliy TRiboLAND deja swete tout polisye, sitou sila yo ki konsekan bòn fèt!

Comments are closed.