Senlwidinò: Sant Resepsyon Livrezon Dokiman Idantite (CRLDI) fèmen pòt li depi plizyè semèn.

923

03-02-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Sant Resepsyon ak Livrezon Dokiman Idantite (CRLDI) kanpe travay plis pase yon mwa. Selon kèk kliyan ki vin pou kouche kat idantifikasyon yo, yo gen plis pase yon mwa depi yap mache moute desann nan biwo a; yo pa jwenn moun pou sèvi yo.

Yon sitiyasyon ki kreye anpil panik nan komin Senlwidinò; anpil moun pa ka jwenn youn nan pyès idantite yo. Matrikil fiskal se yon syèl pa do, kat idantifikasyon nasyonal la menm se pa pale.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.