Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè komin Bonbadopolis la drese yon tablo tris sou sityasyon komin li a.

1,026

Joseph Daguil, pwofesè, ougan, ala fwa Ajan Egzekitif Enterimè nan komin Bonbadopolis fè konnen, sityasyon moun, plant ak zannimo gravman grav.

02-22-2023

Bonbadopolis, Ayiti____(TRiboLAND) “Dlo prèske pase farin”, se deklarasyon Ajan Egzekitif Enterimè komin Bonbadopolis la, pou dekri agoni moun, plant ak zannimo nan komin sila.

Lapli ki pa tonbe depi yon bon bout tan, lakòz gwo enpak sou lavi anviwon 42 mil abitan nan komin grangou, lavi chè, ensekirite; se monnen pyès peyizan yo, san konte ti moun ki pako menm ka rantre lekòl.

Pou kesyon zafè jaden bagay konsa prèske pa egziste, pou repete pawòl prezidan Ajan Egzekitif la, lè’l konsidere komin Bonbadopolis, kise yon komin ki esansyèlman agrikòl, sa vle di, espwa moun yo repoze espesyalman sou plant.

Nan zafè elvaj la menm se tèt chaje, puiske gwo sechrès ki tonbe depi dig dantan an, lakòz prèske pa gen bèt ki rete akòz dlo yo paka jwenn pou yo bwè, san konte vòlò kap fin dechèpiye yo.

Plede anfavè bon jan amelyorasyo ak bon jan enfwastrikti pou komin nan, pwofesè, ougan Ajan Egzekitif Enterimè komin Bonbadopolis la, Joseph Daguil mande ak gouvènman moun tèt san cheve yo kouri prese, prese e poze yon aksyon ijans nan lide pou ede sove kominote a ki nan wout pou disparèt.



Comments are closed.