Politisyen sankoutcha pase dinyite viktim gwoudou gwoudou yo anba pye nan pwofite distribye lòbèy pou vòt elektoral

2,100

08/23/21

Okay_______(TRiboLAND) Bezwen moun ki nan nesesite yo pa piti, men anpil politisyen sangwen e kriminèl pwofite dezimanize bezwen popilasyon an ak yon plat manje oubyen yon ti lo medikaman oubyen ak 2 ou 3 fèy tòl. Nan jou sa yo, apwè gwoudou gwoudou a ki mete Ayiti djak sou djak, se yon veritab kanpay elektoral ki kòmanse nan Gran Sid la.

Donasyon peyi entènasyonal yo ta sanble fè plis pwèv konpasyon ak imanitè fas ak sitiyasyon viktim gwoudou gwoudou yo konparativman a sa yo ke yon seri politisyen antrepran pou kouri pwofite itilize malè malere konpatriyòt ayisyen yo pou fè kapital ou mileyàj politik yo nan kondisyon ki san pudè.

San pa gen lontan nan yon peyi afwiken, yon gwoup moun ki te fwape anba yon katastwòf natirèl te deside rele chalbarik dèyè politisyen sangwen ki tap pwofite mizè yo pou fè distribisyon manje pòv. Tout popilasyon an te ba yo mounen pyès yo; e yo te jete yon seri sak diri pandan ke yo tap aspire a yon lòt bagay ki pi fondamantal ke sa. Yon seri malpwòp imoral e inyoran ki ta oblije dèyè bawo e ki mete peyi Dayiti nan sa li ye la, gen kouraj pou kontinye redwi dinyite pèp ayisyen a nivo yon “Plat manje” ou yon fèy tòl. Politichyen sa yo ki deja antre nan yon dinamik kanpay elektoral, piye sakèt leta e vle fè tèt yo pase pou “Papa bon kè” ak pwòp fòtin peyi a. Anpil fwà se “show business” pou lave lajan kòripsyon, dwòg, kidnapping ak abi pouvwà.

Kontrèman ak yon seri òganizasyon imanitè ou sosyàl ki plis chita sou transfòmasyon radikal ou kolektiv popilasyon an; politichyen an pa pè komèt abominasyon nan boukante ou koutize vòt yon sitwàyen ayisyen pou yon bagay pwimè ki revyen li de dwà. Anpil jèn gwoupman kreye nan moman sa; yon seri pwogram ki byen balanse e trè inovatif; yo reyèlman manifeste volonte pou bay sa yo ki nan nesesite lanmen san yo pa deside jwen absoluman anyen an retou. Anplis, yo pa fè zèv sa yo pou yon vòt elektoral, yon pwatik politichyen inyoran itilize ki “banalize dwà ak dinyite pèp ayisyen an”.

Li enpòtan pou peyi Etazini pwofite reyèlman bay yon apwi pou fini ak sistèm anpil moun ap mande pou kraze a! Yo dwe voye yon sinyàl klè bay tout awousa ki genyen yon dosye grenn zanno lakay blan an pandan ke se yo ki toujou antchoupwèt pou bay peyi Etazini responsab tout malè Ayiti. Li lè pou rèyn san pudè sa yo fini! Si reyèlman, responsab ameriken pa vle parèt konplis; yo pa genyen lòt bagay sinon ke denonse san pati pwi tout kòriptè ki nan tout sak pa sa e ki ap detwi peyi sa sou non enperyalis la.

Nou ta swete, se nan wout la nou ye la; kote ke pwèske 90% palmantè nan dènye lejislati ayisyèn nan tap naje nan kòripsyon ak dwòg, alòske non yo figi sou yon lis nwà Tonton Sam kap rete tann yo nan wout, dapwè revelasyon yon gwo journal ameriken. Se pa yon bon pwatik pou kite enègimèn sa yo ap antre Ayiti plis toujou nan fatra ak lanfè; e lè yo pale, yo toujou fè pèp ayisyen konnen se blan an ki dèyè sistèm kriminèl la kap efondre peyi a. Li lè pou blan an demaske sangwen sa yo tou ki pa sispan fè enperyalis la parèt lèd nan je pèp ayisyen an.

Ede peyi a koperativman enstore yon jistis ki solid ki kapab tradwi tout apatrid ou eskanmòtè inyoran sa yo ki pa anbarase anba je lemon, ta dwe yon pwiyorite pou gouvènman Biden lan, si reyèlman li vle pwomote ou resisite yon lòt Ayiti, tankou jan li te pwomèt nan kanpay li, pou fè tout moun ranbouse tout sa yo vòlè Ayiti atravè yon administrasyon piblik modèn kap rele chalbarik dèyè kòripsyon ak imunite.

Enel Richard

kredi foto : Adriana Zehbrauskas for The New York Times

Comments are closed.