Popilasyon Bonbadopolis la sezi machin direktris Digicel akoz move sèvil konpayi vonvon an

479

05/27/2021

Bonbadopolis______(TRiboLAND) Pèp souvren nan komin Bonbadopolis di yo fatige ak sèvis mafya konpayi Digicel ki pa sispan lage depatman Nòdwès la nan mera pou sinyàl. Konsa, kliyan Digicel yo deklare malgre sa te koute anpil deplasman; sepandan, sèvis teleko yo te pi miyò.

Aprè ke responsab konpayi telekominikasyon sa te pwomèt anpil jefò pou bay Bonbadopolis ti miyèt sinyàl la nan konngout nan zòn 20 pou rive 25 màs 2021; antouka, sete nad marinad! Sitwayen yo estime ke se woule ke yo vle woule yo nan farin.

Konsa pou ekspwime kolè yo jodi jedi 27 me 2021 an, yo sezi yon Toyota 4WD e imatrikile AA-05507, machin direktris konpayi Digicel la nan komin Bonbadopolis ki pa sispan denonse aksyon malfektè enstitisyon sa ap akouche nan Nòdwès peyi a.

Comments are closed.