Senlwidinò : Travay konstriksyon Pon Ti Rivyè yo demare.

1,204

03-01-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Malgre tout reta ki te genyen sou chantye konstriksyon Pon Ti Rivyè, nan komin Senlwidinò, konpayi Adriyen deside demare pou plibèl ak travay ki makònen ak projè pon sou wout nasyonal ki relye komin nan ak Ansafolè elatriye.

Yon travay ki te dwe fini dig dantan, depi sou prezidan defen an, Jovenel Moise; malerezman ki te pran reta pou demare akoz problèm bò kote fim ak rezidan ki ted we jwenn dedomajman kay ak biznis ki te sou lizyè konstriksyon an.

Deja, popilasyon an akeyi avèk anpil kontantman prezans konpayi a kap fè moun viv yon veritab chantye enfwastrikti ki demare nan komin Senlwidinò ki pat kapab tann ankò.

Kidonk, kèk moun ki konnen rejyion an, ankouraje enjenyè yo voye je gade 2 zònn ki genyen devyasyon sou wout la ki trè danjere.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.