Kòdinasyon depatmantal PLANSPA nan Nòdwes rann yon dènye omaj a prezidan pati a

2,416

05-07-2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Kòdinasyon depatmantal Pati Politik PLANSPA nan Nòdwès, ki genyen nan tèt li, Me. Erané Saint-Louis, rann yon prezidan pati a, mesye Dieudonné L’hétisson yon dènye omaj nan Katedral Imakile Konsepsyon an vil Pòdpè jounen samdi 7 me 2022 a.

Nan omeli sikonstans lan, yon mès senbolik te rive selebre anba lobedyans Pè Joslin, lidè alatèt Katedral sila, kote zanmi, patizan ak senpatizan te reponn prezan pou di defen an “ce n’est qu’un au revoir”.

Nap raple ou, defen an tap mennen yon batay politik san mèsi; konsa, li tap prone yon ideyoloji ke tout moun konnen sou non “ekilibris politik”.

Dieudonné L’hérisson te fè kansè kolon e li ta pral mouri kèk jou aprè li te fin sibi yon entèvansyon chirijikal nan lopital Canapé-vert, nan dat madi kite 27 avril 2022 a. Ke nanm politisyen an repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.