Avoka nan baro vil Pòdpè deside fèmen pòt Pakè site Kapwa Lamò a pou kòripsyon

2,789

02/09/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Avoka nan baro podpè a fèmen pakè podpè a jounen mèkredi 9 fevriye 2022 nan lide pou pwoteste kont yon kò mafya kap badichonnen pwofesyon nan zak kòripsyon sistematik tout kalite.

Depi kèk jou genyen gwo dife volan kap bay payèt ant avoka ki fè pati bawo vil Pòdpè a ak chèf pakè site Kapwa Lamò a, Mèt Jean Volney Bellamin ak kòkòday li. Antite sa yon ki se lèt ak sitwon, pa moute bourik a 2.

Konsa, jodi mèkredi 9 fevriye 2022 a, anpil avoka nan depatman Nòdwès la te sou bennzeng yo. Pou degaje konsyans yo, yodeside fèmen Pakè fason pou ekspwime mekontantman fas ak konpòtman chèf pakè a ki non sèlman enstitisyonalize kòripsyon anndan espas la, men fèl tounen yon veritab mache piblik.

Dènye zak malonèt ke ki revòlte avoka yo, se yon ka yon kidnapè byen koni ki jwen liberasyon li anba tab pou yon magogo yon milyon goud.. Tout sa yo se pami yon latriye zak sal ke avoka yo tap devwàle nan moman yo tap pwoteste e reklame revokasyon komisè Jean Volney Bellamin, Mèt Louis Wilsmender ak 2 jij : Fresnel Durosier ak Atsim Garcon.

Avoka ou manm bawo pwotestatè yo ankouraje MJSP ansanm ak CSPJ pou yo dilijante yon ankèt sou konpòtman lawont aktè eskanmòtè sa yo ki pran yon malen plezi ap badichonnen pwofesyon an. Konsa, yo deside paralize tout aktivite Palè Jistis la jiskaske yo jwen revokasyonekip kòripsyon sa ki yon veritab lawont pou Nòdwès.

Yon lòt bò, Jean Larose Ophnel, ki se yon isye nan pakè a, frè komisè Gouvènman an, ta pral konnen yon move jounen akoz plizyè pataswel li te resevwa anba men yon avoka nan bawo a.

Comments are closed.